Aprè yo fin chanpyon CFU Challenge Series U14 2026 la Repiblik Dominikèn, jèn Grenadye yo retounen Ayiti. Nan sans sa, Minis Jenès, Espò ak Aksyon Sivik, (MJSAC), Pythagore Dumas, te resevwa yo ayè lendi 24 dawout 2026 la nan salon diplomatik la ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture a. Nan deklarasyon li yo, Minis la salye gwo eksplwa sa ekip la fè a epi renouvle ankourajman li anvè jèn chanpyon yo.
Nan menm moman sa, Minis la te pwofite onore yo ak plak donè ansanm ak manm estaf teknik la ak kèk reprezantan Federasyon Foutbòl Ayisyen an (FHF).
Aprè sa, jodi madi 25 dawout 2026 la chanpyon yo te ale nan otèl Karibe Convention Center pou yon prezantasyon espesyal. Se yon fason pou salye gwo jefò ak kouraj yo nan konpetisyon an.
N ap soulinye, pou Ayiti te chanpyon li te bat Jamayik 4-0 dimanch 23 dawout 2026 la. Plizyè jwè te pran pri endividyèl, pami yo Wensley Dumorné, ki se meyè jwè tounwa a, ak Jodley Sheeckensley Delmas, ki se meyè bitè Tier1 an ak 7 gòl.
Louis Dorvens
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026


