Sòti janvye rive novanm 2025 pase a gen 8 100 moun ki mouri ansasinen an Ayiti selon yon nouvo rapò Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) pibliye mèkredi 21 janvye 2026 la. Poutan, li fè konprann chif sa a pi piti pase kantite moun ki mouri tout bon vre yo akoz zòn gang yo pa fasil pou antre. Se sa ki fè, chif yo repati konsa : sòti premye septanm rive 30 novanm 2025 lan yo jwenn gen 1 991 moun ki mouri ansasinen anba vyolans gang yo nan peyi a. Pami moun sa yo ki viktim nan nou jwenn 142 fanm, 12 tifi, 44 ti gason. Òganis la fè konnen nan depatman Latibonit ak Sant, chif yo pi wo. Se konsa, li anrejistre 1 916 pou peryòd janvye rive novanm 2025 lan.
Pou sa ki gen pou wè ak itilizasyon dwon kont gang yo, BINUH fè konprann sòti premye mas rive 30 desanm pase a gen 973 moun ki pèdi lavi yo. Pami yo nou jwenn 934 manm gang, 39 moun ki te rete nan zòn yo pami yo 16 timoun. Pou sila yo ki blese yo, chif yo di gen 633 manm gang, 41 moun ki te rete nan zòn yo pami yo 18 timoun.
Nan sa ki gade operasyon lapolis mennen sòti oktòb pou rive 31 desanm pase a, Biwo Entegre Nazyonzini an Ayiti revele gen 498 moun ki mouri, 291 lòt sòti blese. Nan viktim yo, yo soulinye 81% ladan yo se bandi, 19% se manm popilasyon an ak 3% ladan l ki reprezante chif timoun ki peri tou. Pou egzekisyon lapolis fè yo, yo fè konprann an desanm te gen 53 ka enspeksyon jeneral t ap mennen ankèt sou yo.
Nan rapò sa a, BINUH soulinye tou 449 ka vyolans seksyèl ki fèt sou 430 fanm, 35 tifi ak yon ti gason. 74 % ka yo revele se ka vyòl kolektif. Anplis sa, yo anrejistre tou 1 692 ka vyolans sou jan (VBG).
Grangou ap taye banda an Ayiti
Selon BINUH, 5.7 milyon moun an Ayiti ap soufri grangou. Pandan gen 1.9 milyon ladan yo ki nan sitiyasyon ijans. Yon sitiyasyon ki pèmèt fanm ak timoun yo plis soufri puiske yo deklare : « Kondisyon ekonomik yo vin pi mal paske selon Bank mondyal, gen 48,7 % moun ki ap viv ak pi piti pase 3 dola ameriken nan pòch yo chak jou ».
Pou zafè travay nan faktori yo, òganis entènasyonal la di travay yo diminye kote li sòti nan 15 000 moun ki t ap travay an 2021 pou desann nan 2 ak 3 000 moun an 2025. Pandantan sa, li fè kwè grèv yo afekte izinn yo pandan Repiblik dominikèn ak Etazini yo menm te met tèt yo ansanm pou te voye tounen ant 225 a 250 000 moun an Ayiti.
« Resous pou èd imanitè yo pa sifi epi aksè yo toujou difisil. Rive 31 desanm, se sèlman 24.1% nan 908 milyon ki ta dwe depanse a nou te jwenn », se sa responsab yo fè konnen. Se yon fason pou montre yo pa gen mwayen pou ede moun k ap soufri nan peyi a.
Pou fini, BINUH fè konprann sitiyasyon imanitè a vin pi difisil akoz plizyè rezon tankou ouragan Melisa ki te fè gwo dega nan depatman Sid peyi a pandan lane 2025 lan. Vyolans gang yo tou ki li menm lakoz gen 1.4 milyon moun ki te kouri kite kay yo pou bandi. Li soulinye kijan lopital yo pa gen ase estrikti pou resevwa malad yo. Nan zafè edikasyon, li endike konsta yo pi mal kote plis pase 1 600 lekòl te fèmen pòt yo pou ane eskolè 2024-2025 lan.
Yon sitiyasyon ki fè gen 1.5 milyon timoun nan tout peyi a ki toujou pa ka al lekòl, osnon ki ka kite lekòl byen bonè. Se yon gwo menas, ki daprè BINUH, rann timoun yo ekspoze ak plis nan rekritman gang eksplwatasyon ak vyolans seksyèl epi prejidis entèjenerasyonèl. Menmsi yo di yo tè pèmèt anviwon 400 timoun reentegre sosyete a ankò.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



