Nan yon nòt li sòti ayè vandredi 9 janvye 2026 la, Ministè Lakilti ak Kominikasyon (MCC) anonse Kanaval 2026 la ap fèt anba tèm « Ayiti devan », apati dimanch 18 janvye k ap vini la. Selon responsab yo, tèm sa se nan lide pou onore kreyativite ak kapasite pèp ayisyen an genyen pou l kenbe djanm nan move sikonstans yo.
« Tèm nou kenbe pou ane sa a se “Ayiti devan ”, se sa nou li nan kominike ministè a pibliye nan okazyon an. Pi devan, li fè konnen apati 18 janvye k ap vini la tout aktivite prekanavalès yo ap kòmanse nan divès vil nan peyi a. Se sa ki fè, MCC envite tout enstitisyon, asosiyasyon, sitwayen ak vizitè pou pa rate okenn nan aktivite sa yo k ap gen pou fèt yo. Daprè yo patisipasyon moun yo ap pèmèt fèt ane sa 2026 la tounen yon fèt nasyonal kote y ap pataje, kreye epi refonde nasyon an.
N ap raple, pou ane 2025 lan, menmsi te gen aktivite nan divès vil nan peyi a, otorite yo te anile kanaval nasyonal la 12 jou avan gwo selebrasyon an nan vil Fòlibète. Yon desizyon abitan zòn sa te kritike malgre gouvènman defakto a te fè kwè se te pou ensekirite yo te kanpe aktivite yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2026



