Nan yon rapò yo pibliye madi 12 novanm 2025 lan, Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) fè konnen pou 3yèm trimès ane 2025 lan gen pou pi piti 1 247 moun ki pèdi lavi yo ak 720 lòt ki blese, anba ensekirite k ap taye banda nan peyi a. Pami moun sa yo nou jwenn, 1 081 gason, 132 fanm, 23 ti gason ak 11 tifi. Yo anrejistre tou 145 ka kidnaping, 46 % nan depatman Latibonit, 45 % nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan epi 8 % nan depatman Sant lan.
Pou sa ki gade chif moun ki mouri ak blese yo, òganizasyon entènasyonal la presize 30 % ladan yo se rezilta divès atak gang yo fè nan depatman Lwès, Latibonit ak Sant. 9 % se rezilta vyolans brigad yo ak popilasyon an atravè mouvman bwa kale a. Pou fini, 61 % ki rete a gen rapò ak divès operasyon fòs sekirite tankou lapolis tanmen yo.
Se poutèt sa, yo pran kòm egzanp 39 manm popilasyon an pami yo plizyè timoun polisye yo ak yon konpayi militè prive te touye atravè frap dwon yo.
Pou atak gang yo menm, BINUH soulinye yo kontinye ap fè popilasyon an kouri. Sa ki fè yo di nan fen mwa septanm 2025 lan yo jwenn gen 1 400 000 moun ki kouri kite lakay yo pou vyolans gang.
Fanm ak tifi kontinye ap sibi vyolans seksyèl
Nan menm rapò sa a, Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti panche sou vyolans seksyèl, yo di, gang yo itilize anpil pou pwovoke laperèz bò kote popilasyon an. Se konsa, BINUH di li jwenn 400 viktim kadejak, pami yo 340 fanm, 59 tifi ak yon gason.
« Majorite ka yo se vyòl kolektif ki souvan fèt lè yo antre pa fòs lakay moun yo osnon pandan viktim yo konn ap kouri kite zòn yo », daprè sa yo di. Zak sa yo ki fèt pou eksplwate oubyen pini fanm ak tifi yo gen gwo konsekans fizik, sikolojik, ekonomik, sosyal sou lavi viktim yo ak tout fanmi yo. Se konsa tou, yo pale sou timoun yo gang yo pa sispann fòse antre nan gang pou fè vye zak kriminèl pou yo.
Plizyè inite nan lapolis la ak komisè Muscadin lage nan touye moun
Pou ajan polis yo ki nan divès inite espesyalize, BINUH di pou menm peryòd la yo jwenn polisye sa yo ta egzekite pou pi piti 64 moun epi blese 14 lòt. Yo soulinye pyès nan moun sa yo pa t reprezante yon menas pou yo. Polisye yo konn deside touye yo aprè patwouy osnon kontwòl lapolis konn ap mete nan kèk zòn.
Pou sa ki gade komisè gouvènman Miragwàn nan, Jean Ernest Muscadin, yo di yo jwenn pou 3yèm trimès sa li te touye yon nonm ak zam 23 jiyè 2025 lan. Men, ka sa a mete sou lòt ka li te fè pandan 2yèm trimès ane a, fè yo jwenn li touye 26 moun ototal. Yon zak ki te pouse ajan espesyal k ap rapòte pou BINUH yo mande gouvènman ayisyen an pou frennen move zak sa yo komisè a ap plede fè yo.
BINUH mande gouvènman an pwoteje popilasyon an
Nan divès rekòmandasyon yo fè gouvènman an ak kominote entènasyonal la men sa òganis la mande : asire yo tout pòl jidisyè yo ap fonksyone pou lite kont krim mas, vyolans seksyèl ak krim finansye, fè vetting nan lapolis la epi trennen devan lajistis tout polisye ki vyole dwa moun yo, akselere pwogram prevansyon pou timoun ki nan gang yo, ranfòse koyerans rezilta fòs sekirite yo bay kont gang yo, pwoteje popilasyon an, toujou kite Ayiti sou ajannda entènasyonal la epi bay èd finansyè ak imanitè, mete plis kontwòl sou tout sa k ap antre nan peyi a sou lanmè, nan ayewopò yo jan rezolisyon 2653 a di l la.
Kredi foto : UNOCHA/ Giles Clarke
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025



