Nan yon rapò yo sòti sou bilan fonksyonman Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Rezo Nasyonal K ap Defann Dwa Moun yo (RNDDH) fè konnen gen anpil dega ki fèt pandan yon lane moun sa yo nan tèt peyi a. Se pou sa, yo revele sòti 24 avril 2024 rive mas 2025 gen 4 405 moun bandi ansasinen, mete sou kote 13 masak ki fèt nan divès depatman nan peyi a. Pami viktim yo, yo fè konprann genyen 31 polisye, 8 sòlda Fòs Lame Ayiti a (FAD’H) ak 2 polisye kenyan.
« 13 masak anrejistre nan peyi a depi lè Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an te enstale 24 avril 2024 la », daprè sa yo di. Men tout zòn ki sibi masak yo : Gresye ak Kafou an me 2024, Gwomòn an jen, Gantye nan mwa jiyè, Site Solèy nan mwa septanm, Ponsonde, Akayè, Solino (oktòb-novanm), Waf Jeremi ak Ti Rivyè Latibonit an desanm 2024, Kenskòf an janvye 2025, Chatoblon an fevriye epi Kafoufèy, Mibalè, Sodo nan mwa mas 2025 lan.
Nan tout atak sa yo, selon chif òganis la bay yo gen yon total 425 manm popilasyon an bandi touye, 60 bandi ak prizonye ki te sove mouri tou nan afwontman ak lapolis. Yon lòt bò, yo di gen plizyè lòt moun ki te sòti blese, e plizyè dizèn kay te pase anba flanm dife. Mete sou kote chif sa yo, pandan peryòd avril 2025 lan pou rive mas 2025 lan, RNDDH di yo jwenn bandi yo ansasinen tou 4 405 moun. Yo prezise gen 805 ladan yo ki jwenn lanmò yo sèlman pandan 3 premye mwa ane 2025 lan.
Pou sa ki gade vyolans seksyèl ak seksis yo, ògàn sa ki la pou defann dwa moun nan di chif yo montre gen 3 792 ka konsa. Yo soulinye se chif pa yo mete sou pa Nègès Mawon ak Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA). Ladan yo, gen 1 837 ki se vyolans seksyèl, 794 se vyolans fizik epi 1 132 se ka sila yo ki viktim vyolans ekonomik.
Fas ak sitiyasyon sa a, RNDDH kritike Konsèy la ak laprimati dèske yo pito ap pran vye mezi olye yo bay bon jan repons pou asire lapè ak sekirite an Ayiti. E yo mansyone tou, Konsèy Nasyonal Sekirite a (CNS) responsab yo pa janm deside kreye. Puiske li t ap yon ògàn ki t ap pèmèt gen yon plan nasyonal ki elabore pou sòti nan kriz sa a.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025



